Canalblog
Editer l'article Suivre ce blog Administration + Créer mon blog
Publicité
Zanmi Lwen
Zanmi Lwen
Archives
Derniers commentaires
Newsletter
15 janvier 2010

MEZANMI

MEZANMI

 

REFRAIN

MEZANMI M’ANGAGE, M’ SANTI 2 PYE-M’ MARE

TANKOU ZWAZO NAN SYЀL MWEN TA ANVI VOLE POU M’ KAPAB JWENN LAVI

MEZANMI M’ANTRAVE E M’ PA KAB AKIZE

TELMAN MWEN KONN LITE YO RELE M’ SIPOTE MEN M’ SANTI M’ FATIGE

MEZANMI M’AP BOULE M’GEN 2 RAN DLO NAN JE

SI OU WЀ M’ LA M’AP MACHE SE PASKE JE WONT JE M’OBLIJE RET KANPE

 

COUPLET 1

ANMIZI M’ VLE MACHE SE TRENNEN M’AP TRENNEN

MWEN SANTI MENM LONBRAJ MWEN AP RALE M’ VIN DЀYЀ

TIKRAS ESPWA M’ T’AP SERE ANVI ALE

M’ RETE M’ RELE ANMWE ZANMI LWEN M’ YO TANDE

GEN SAK DI ALELOUYA LOT DI AYIBOBO

LIBЀTE KE M TE VLE A SE SЀL PECHE

R/ +

TOUT FOS MWEN FIN’ ALE

MENM ON VYE ZE BOUYI M’ SANTI M’ PA KA KRAZE

 

 

 

 

 

 

 

COUPLET 2

ANMIZI M’ VLE VOLE SE TONBE M’AP TONBE

M’ DO FOULE TOUT ZO KOT MWEN MEN SE KЀ-M’ K’AP RACHE

PASKE M’ POKO WЀ SA M’ FЀ KE M’AP PEYE

M’ RETE M’ RELE ANMWE ZANMI LWEN M’ YO TANDE

GEN SAK DI ALELOUYA LOT DI AYIBOBO

LIBЀTE KE M TE VLE A SE SЀL PECHE

R/ +

OUMENM KI VLE ZANMI-M’

VIN’ CHITA BÓ KOTE-M’ ESEYE FЀ KЀ-M’ RI

 

 COUPLET 3

ANMIZI M’ VLE KANPE LAVI FЀ M’ RET KOUCHE

TOUT KALITE POBLЀM OU KONNEN, NAN JADEN-M’ YO POUSE

FÓK YON MOUN DI M’ KISA M’ FЀ KE M’AP PEYE

M’ RETE M’ RELE ANMWE ZANMI LWEN M’ YO TANDE

GEN SAK DI ALELOUYA LOT DI AYIBOBO

LIBЀTE KE M TE VLE A SE SЀL PECHE

 

MEZANMI M’ANGAGE, M’ SANTI 2 PYE-M’ MARE

TANKOU ZWAZO NAN SYЀL MWEN TA ANVI VOLE POU M’ KAPAB JWENN LAVI

TELMAN MWEN KONN LITE YO RELE M’ SIPOTE MEN M’ SANTI M’ FATIGE

SI OU WЀ M’ LA M’AP MACHE SE PASKE JE WONT JE M’OBLIJE RET KANPE

TOUT FOS MWEN FIN’ ALE

MENM ON VYE ZE BOUYI M’ SANTI M’ PA KA KRAZE

OUMENM KI VLE ZANMI-M’

VIN’ CHITA BÓ KOTE-M’ ESEYE FЀ KЀ-M’ RI

 

Publicité
Commentaires
Publicité
Albums Photos
Zanmi Lwen
Publicité